SANTO DOMINGO , Dimanch , 28 fevriye 2021, (tinouvel)
(Sous jounal Reuters)
Repiblik Dominikèn pral konstwi yon kloti sou fwontyè li ak Ayiti.
Repiblik Dominikèn ap kòmanse konstwi yon kloti sou 376 kilomèt fwontyè li genyen ak Ayiti.Travay sa yo kapab komanse nan ane sa pou kwape migrasyon san otorizasyon ak komès ilegal, dapre deklarasyon Prezidan Luis Abinader te fè samdi.
"Nan yon peryòd de zan, nou vle fini ak pwoblèm grav nan imigrasyon ilegal, trafik dwòg ak trafik vòlè machin ," Abinader te anonse nan yon prezantasyon te fè devaan palman donimiken an.
Baryè sa yo ap double nan zon "plis pwoblem" yo.La p gen detèktè mouvman, kamera rekonesans visaj ak sistèm limyè enfrawouj.Pawol prezidan dominiken nan okazyon anivèsè a 177th endepandans peyi panyol pran nan men Ayiti.
Selon estimasyon gouvènman an, gen apeprè 500,000 imigran ayisyen ki abite nan Repiblik Dominikèn (sondaj 2018), san konte s plizyè dizèn milye pitit ayisyen ki fèt nan panyol. kominote ayisyen an reprezante apeprè 5% nan popilasyon total la, Yon gwo pati nan pa gen rezidans.
Anons la te vini yon mwa apre gouvènman an te dakò pou ede Ayiti bay sitwayen li yo k ap viv nan teritwa dominiken pyès idantite .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment