Pwojè Lwa Biden pou refòme imigrasyon depoze devan kongrè a

 Washington- Samdi 20 Fevriye 2021(tinouvel)


Bob Menendez , Joe Biden ak Linda Sanchez



Pwojè Lwa Biden pou refòme imigrasyon depoze devan kongrè ameriken an.

Jan Joe Biden te pwomèt li a, Demokrat yo prezante Jedi 18 fevriye  tèks Pwojè Lwa Biden pou refòme imigrasyon an . Linda Sanchez ak Bob Menendez  de(2) eli Demokrat ki te prezante inisyativ la bay Sena a ak Chanm Reprezantan an  yo chak nan chann separe .


11 milyon moun san papye  ap gen chans pou natiralize ameriken.

Pwojè lwa ap louvri chemen pou prèske 11 milyon moun san papye vinn gen  sitwayènte amerikèn an , kote moun sa yo  ap gen pou pwouve  yo te nan Tazini anvan 1 janvye 2021. Pwojè sa a tou pa bliye dreamers  yo, ki se moun ki te rantre ilegalman Ozetazini  pandan yo te timoun. Yo menm tou yo ap kapab natiralize Ameriken an.

Moun ki gen estati PwotejmanTanporè (TPS),ki te sou proteksyon administrasyon ameriken pou yo pat depòte yo ak travayè agrikòl yo ki ka pwouve ke yo ap travay Etazini  pral  tou jwenn  rezidans.

Lwa sa a ap pèmèt nan uit tan yon imigran san papye ki te rive nan Etazini anvan, 1 janvye 2021 vinn  gen sitwayènte ameriken . Li gen ladan l tou lot dispozisyon ki ap chanje move kondisyon moun yo ap viv lòt bò fwontyè ki se  youn nan kòz moun vinn tazini ilegalman . Lap pèmèt ogmante kantite viza ak kat rezidans ki disponib yo. Lap  ede envestisman fet nan teknoloji ak enfrastrikti nan   nan fwontyè yo, lap retire baryè pou azil politik ak ranfòse pwoteksyon pou travayè migran yo

Si  kongrè ameriken pase  Lwa sou Sitwayènte Ameriken Ak 2021, se pral pi gwo refòm e ki pi radikal ki pase nan sistèm imigrasyon Ameriken an depi 1986 .Lwa Sitwayènte Ameriken Ak 2021 sa a ap bay Donald Trump ak tout zanmi nativist yon kalòt marasa ak tout mezi anti imigran li te pran pandan administrasyon li an.

Pou fè refòm nan pase nan Kongrè a Demokrat yo ap bezwen vòt Repibliken yo. Nèf senatè repibliken  dwe vote an favè refòm lan pou lwa saa kap pase.Gen kèk Repibliken ki te deja kòmanse kritike lwa ki fè konnen se lèl politik gòch radikal nan pati demokrat yo kap ankouraje imigrasyon ilegal  ki dèyè lwa saa.

Si Kongrè a pa aji epi lwa pa ta vote, Joe Biden ka  pran yon dekrè pou yo ka retire nan depòtasyon imigran iregilye  kap viv lontan nan peyi Tazini.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments