Olsmina Jean Méus 5an : yo kidnape li, yo toufe li epi lage kòl nan "Pont Breya", Matisan.

 Pòtoprens- Jedi 18 Fevriye 2021(tinouvel)


Olsmina Jean Méus 5an : yo kidnape li, yo toufe li epi lage kòl nan "Pont Breya", Matisan.

Olsmina Jean Méus te gen 5 an lèe nèg ak zam te kidnape li e mande manman li madan Nadège Saint-Hilaire , 4,000 dola ameriken pou libere ti fi sa a. Nadège Saint-Hilaire yon machann pistach te enkapab pou li te jwenn lajan saa.Apre anpil negosyasyon ak plizyè iltimatòm kidnapè yo te bay bay fanmi an.Madam Saint-Hilaire, te di ke li pa t rive ranmase lajan . Nan yon entèvyou ak Radyo Kisleya li te bay madi 16 fevriye 2021 sa a, manman viktim nan rapòte bandi te di li mèt al pran kadav la sou Pont Breya", nan blok Matisan.

Ak dlo nan je Madam Saint Hilaire ap mande èd pou òganize antèman an .Li di li bezwen selman 8,000 dola ayisyen ki se 40,000 goud pou pèmet Olsmina Jean Méus 5an ale nan peyi san chapo ak respèe yon kretyen vivan merite .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com


Peut être une image de enfant, fleur et texte qui dit ’Lunie Joseph’
Olsmina Jean Méus




Comments

Post a Comment