Rev Ayisyen


 Pòtoprens-jedi 18 Fevriye 2021(tinouvel)

Opinyon

Rèv ayisyen se Domi pòv leve rich.


Rèv Ameriken an se yon lide ki fè kwè nenpòt moun k ap viv nan tazini kapab gras ak travay yo mete sou kouraj yo ak detèminasyon yo genyen ka vinn yon milyonè,yo ka vin rich .Rèv Ameriken an te toujou atire yon pakèt moun kite peyi yo vinn chache siksè lot bo dlo sitou siksè finansye.Imigran ki sòti toupatou ap travay di pou akimile richès. Gen yen ki mete kanpe gwo biznis oswa yo reyisi tu nan fè yon karyè atistik ou espotif.Gen ekzanp an ba je nou chak jou.Nou pap rete sou sa jodia .Kote zafe Rèv Ameriken saa sòti?

Se nan 16 syèk Grann Bretay komanse vle tabli koloni yo nan Amerik dinò.Rwa angletè a pou ankouraje Anglè yo vinn enstale yo nan koloni yo lanse yon kanpay pwopagan ak lwanj pou vante richès koloni yo genyen nan nouvo mond lan. Lè sa a, se pa bann e pa pakèt Anglè a te debake nan lamerik .Nan peryòd saa Lamerik se te yon senbòl siksè pou moun ki te chwazi ale viv la.
Diskou a kounya chanje depi lè sa a. Rèv Ameriken pa menn ankò li tounen yon sous espwa pou moun ki ale Ozetazini pou amelyore kondisyon lavi yo men pa fòseman vinn rich tout denkou.
Selon rezilta yon etid The Economist fè, yon franse bezwen plis pase 40 ane pou vin yon milyonè pandan ke yon Ameriken bezwen sèlman 20 lane pou fè sa. E yon ayisyen konbyen tan li bezwen pou vinn rich?

Ayiti se peyi ki pi pòv nan Emisfè Lwès la. Pwodwi enteryè brit li (PIB) per capita se $ 756 an 2019.Nan menn ane sa a ,Ayiti klase 169 sou 189 peyi nan Endèks Devlopman Imèn an. Dènye sondaj sou povrete (2012) rapòte gen plis pase 6 milyon Ayisyen ap viv nan povwete .Yo gen mwens pase $ 2.41 pa jou. Plis pase 2.5 milyon moun ap viv nan ekstrèm povwete , yap viv ak pi piti pase $ 1.23 chak jou.Resesyon ekonomik avèk fèb kapasite administrasyon piblik yo pou kolekte kòb fè sikilasyon lajan nan system lan pa fasil.
An Ayiti popilasyon estime a 11 milyon moun . 10% elit la kontwole prèske 90% nan richès nasyonal la . Elit 10 % sa a konpoze esansyèlman ak pitit ansyen imigran ki sòti nan peyi Siri, Liban, Palestin, Izrayèl ak blan ki sòti nan peyi Lalmay,Danemak nan tazini tu elatriye.Ak yon ti minorite milat desandan blan franse ak esklav nan tan koloni a.Yo tout ansann kreye Elit 10 % sa a yon oligachi ,yon klas boujwa kap eksplwate resous yo nan peyi a.Se yo ki kontwole ekonomi an . Yo Pran kontwol pouvwa egzekitif la e menm sèten gwoup palmantè.
“20% pi rich an Ayiti kontwole 60% richès la .20% ki pi pòv yo gen mwens pase 2% nan richès Ayiti(Kesnel Pharel) . Men nan kontèeks rev ayisyen domi rich leve pòv ye.Yon kontèks ki fè ayisyen ap reve je kle richès.Si vin rich se yon rèv ki vle di libète, li difisil an Ayiti pou vinn rich nan kontèks sosye ekonomik saa.

Piye kès leta pou akimile richès.

Kanmenn gen moun ki toujou kwè nan rèv ayisyen an domi pov leve rich.Yon rèv ki pran nesans nan Pouvwa Divalyeris la kote Papa Doc te kite makout ak patizan li yo akimile anpil lajan nan aparèy leta a .Yo Fè alyans ak oligak 10% yo pou gaye richès yo nan lot branch nan ekonomik an.Gouvènman militè yo te kontinye ap piye resous leta apre depa Divalye an 1986 menn na 91, 2001 sou tranzisyon demokratik lan, pa gen moun ki te rezoud pwoblèm sa a. Se nan monan retou neodivalyeris yo (2011-2021) ak pris pouvwa Mathely piyaj systematik resous leta yo kontinye pirèd. Lit enfliyans vinn pèmèt yon akimilasyon richès ak yon seri moun nan klas mwayèn melanje ak oligak kontinye ap piye leta.Moun nan klas mwayèn defavorize ak lupem pwoletarya envesti aparey lejistatif se yo ki vinn depute ak senatè.Nan deseni saa bidjè pouvwa legislatif ogmante .Yon senatè repiblik la koute leta ayisyen plis pase dimil (10.000) dola ameriken pa mwa.Yon kakil ki fasil men yon lajan ki pa fasil pou konte pou 30 senatè pou 6 zan max lè sa nou te an 2011 . Alokasyon bidjè pou ane fiskal 2015-2016 la pase 1 079 424 638 goud pemèt piyaj kontinye san konte tout lot frè yo tankou Sibvansyon pou achte yon machin: US $ 20,000 (machin prive palmantè a) .Depans pou yon backup an sekirite: US $ 15,000. Depans vwayaj lòt bò dlo: US $ 600 pou chak jou
Tout moun konnen ke yon depite ak yon senatè koute larepiblik trè chè. Menn lè sa yon senatè ayisyen ki eli an 2017 pa kap deja envesti $ 6 milyon dola nan kebèk.

kote lajan sa yo kapab soti

Oligak 10 % ak oligak politik tout nèf la pran kontwol aparèy leta . Yo tounen yon sansi k ap souse san pèp la .Brase toutan ,tout kote . Yon travayè ayisyen ta dwe travay 65 ane pandan twa fwa nan lavi li e fòk li kòmanse travay depi jou li sòti nan vant manman l pou li ta touche salè yon sèl ane pou yon palmantè.Yon palmantè tap bezwen travay plis pase 20 lane pou li te kapab peye yon kay kash pou 4,25 milyon dola. Men Kote li jwenn lajan , nan rèv dòmi pòv leve rich la ki vle pou fè oligak Politisyen yo fè nenpòt bagay pou fè kòb.Tout pratik ilegal pou blanchi lajan sal.Koriksyon,kontrebann ,lit enfliyans ,acha ak vant vòt. Tout mwayen bon pou fè rèv domi pòv leve rich la reyalize.Si yon moun panse se nan pran chimen kriminèl pou fe lajan fasil fok ou , konnen tou wap kouri risk pou fini nan prizon nan yon Ayiti kote lajutis ap prime.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
7
Personnes touchées
0
Interactions
Boost indisponible
J’aime
Commenter
Partager

Comments