Pòtoprens , Dimanche , 28 fevriye 2021, (tinouvel)
![]() |
Mach 28 fevriye 2021 |
Plizyè santèn milye moun foule beton jounen dimanch 28 fevriye 2021 pou denonse ditakti annayiti.
Yon milyon ayisyen dapre oganizatè yo brave danje jou dimanch 28 fevriye nan lari Pòtoprens pou pwoteste kont kidnapin ak ditakti nan peyi a .Manifestan yo mande pou Madame Lalime( responsab BINUH) sispann sipòte rejim kowonpi Jovenel Moise lan. Madame lalime retounen lekol pou al aprann konte .
"Lalime pa konn konte ale lave figi" Blan yo pa inosan" se diferan slogan manifestan yo ta chante tankou yon sel moun ki te akompaye ak mizik truck sound.Se te yon manifestasyon totalman pasifik nan kapital ak nan plizyè vil pwovens.Manifestan yo voye anpil pawol piman bouk kont rejim PHTK ak Kominote entènasyonal kap supote prezidan defakto Jovenel Moise.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment