Opa kamarad ,Renan Hedouville an 3 pèson : Militan radikal lagoch,Renmen bat fanm ak alye PHTK.

 

Renan Hedouville (OPC) ak Helen Meagher La Lime (BINUH)




Pòtoprens- Madi 23 Fevriye 2021(tinouvel)


Opa kamarad ,Renan Hedouville an 3 pèson : Militan radikal lagoch,Renmen bat fanm ak alye PHTK.

Militan radikal lagoch

Nou nan ane 1987, Renan Hedouville jounalis Haiti Progrès ak militan politik nan Asanble Popilè Nasyonal Benjamin Dupuy tap dirije a.APN se te youn nan òganizasyon lagoch nan monan saa kite pòt vwa batay kont donimasyon enperyalis ameriken nan peyi dayiti.

Majorite manifestasyon anti enperyalis yo APN se te youn nan prensipal òganizatè  mach sa yo apre depa jan klod divalye 7 fevriye 1986 .Nan okazyon 71e anivèsè debakman ameriken annayiti 28 jiyè 1987 APN te lanse yon mach pou denonse sipò ameriken ap bay konsèy nasyonal gouvènman pwovizwa KNGP(CNG)se Renan Hedouville APN te chwazi pou delivre mesaj sikonstans lan devan ambasad ameriken dapre yon sous nou ka fè konfyans Renan Hedouville sove ak tout mesaj la.Se la eskperyans militan radikal lagoch Renan Hedouville tou fini.

Nan mwa mas 1996 Renan Hédouville mete kanpe CARLI (Komite avoka pou respè libète endividyèl yo), yon òganizasyon tap defann dwa moun pandan Met Hedouville tap mande plizyè gouvènman respekte libète moun menn mèt la abitye vyole dwa moun nan bat madan li daprè « Solidarité Fanm ayisyèn (SOFA) » et « Kay Fanm ».

Renan Hedouville  gason kap bat fanm.

Depi le Non Renan Hédouville te site  pami twa pèsonalite  kandida pou vinn dirije  Pwoteksyon Sitwayen  (OPC),   solidarite fanm ayisyèn (Sofa) ) ak Kay Fanm te denonse chwa sa a. 2 òganizasyon sa yo te fè konnen"mete yon nèg ki renmen bat fanm  nan tèt yon enstitisyon konsa ,se yon siyal klè  pou banalize vyolans ak atak kont fanm. Yo te kwè ke sa ta pral anpeche viktim yo depoze plent gason kap bat fanm.

SOFA ak Kay Fanm te anonse ant 2004 ak 2005 ki  li te akonpaye Madan X yon fanm ki tap sibi gwo vyolans konjigal nan men Mèt Renan Hédouville avoka pou respè libète endividyèl  .Malgre tout pwotestasyon sa yo ,Jovenel Moise  nonmen Renan Hédouville kòm Pwotektè Sitwayen  nan  mwa oktob 2017 pou 7 an.

Renan Hedouville  alye Tèt Kale.

Sou yon lis anviwon trant kandida, senatè ak depite yo te chwazi epi yo te voye bay egzekitif la non Jaquenet Occilus, Anthonal Mortimé ak Renan Hédouville.Nou mande tèt nou pou ki se li ,li menn egzekitif PHTK te chwazi, sanble Direktè egzekitif la nan RNDDH Pierre Espérance konn rezon an.

Pierre Espérance te eksprime gwo dout  sou kapasite nouvo pwotekte sitwayen an  pou pwoteje tout bon vre sitwayen yo kont abi pouvwa  Tèt Kale a. "Li se yon pwòch Tèt Kale, li te ansanm ak Michel Martelly pandan senk ane li te sou pouvwa a. Li te direktè travay nan Ministè Afè Sosyal ak Travay ak Prezidan Konsèy Salè ki te soumèt li ak volonte egzekitif la pou pa ogmante salè minimòm .Renan Hedouville se mann pouvwa  Tèt Kale.

Nan denye jou sa yo Renan Hedouville  devan sèn politik la akòz gwo responsabilte li pran pou li òganize pandan 2 jou yon forum sou refòm konstitisyonèl la.Anpil sektè denonse pratik saa e souhete popilasyon bloke inisyati saa depi nan ze  .

Ansyen palmantè Deus Déronneth ak Doktè Shiller Louidor, te denonse yon pratik koripsyon anba chal ant BINUH ak OPC. Lajan ta sanble debloke pou oganize madi 23 ak mekredi24 yon chita pale ak dives mann nan sosyete la.Pou 2 mann opozisyon sa yo forum 2 jou sa se ap mannigans pou kroke nan gòj pep la  konstitisyon tout nef saa . Selon palmantè  OPC pa gen otorite  pou yo  akselere pwosesis konsiltasyon sou refòm konstitisyonèl la. Aksyon sa yo, daprè ansyen manm 50èm lejislati  se yon tantativ pou vyole souverènte nasyonal nan   chanje Konstitisyon 87 la atravè  yom referandom ilegal e enkonstitisyonel .  


 Ronal Leon

tinouvel509@gmail.com

sous Nouvelliste ,Rezonodwes

Comments