Pòtoprens- Dimanch 21 Fevriye 2021(tinouvel)
Nèg ak zam kidnape (2) sitwayen dominiken ak yon Ayisyen Samdi sa a, 20 fevriye 2021 nan Avenue Bolosse.
![]() |
Junior Albert Augusma |
Se nan lokalite Matisan nan nan 5ème Avenue Bolosse nèg yo pa rive idantifye ak gwo zam nan men yo kidnape Junior Albert Augusma alyas Ti Nèg ansanm ak de dominiken vè 9 nan aswè konsa.Tinèg ak de lòt etranje yo te soti nan tounaj pou yon fim nan Jakmèl nan zon Natisan bandi yo mete la pat sou yo. Yo reklame 2 milyon dola vet pou libere yo.
Livrezon ou neglijans
Sektè inivèsite deta dayiti deja mobilize pou egzije liberasyon Ti Nèg ak 2 lot sitwayen dominiken.Dapre enfomasyon jounal Diaro Libre ta sanble lapolis nasyonal dayiti (PNH) tap eskote machin ekip tounaj dominiken an. Veyikil la te gen 2 bakop machin lapolis youn devan ak youn dèyè, selon yon jounal Diaro Libre.
De Dominiken sa yo ap travay kòm teknisyen nan konpayi pwodiksyon "Cine Muska Group ".Ti Nèg tap jwe wol entèprèt pou ekip tounaj Dominiken an .Junior Albert Augusma alyas Ti Nèg se yon powèt ak yon moun kap etidye lang nan fakilte lenguistik aplike.(FLA)
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment