Pòtoprens , jedi 25 fevriye 2021 (tinouvel)
Mach kont diktati dimanch 28 Fevriye 2021 anba menas ak entimidasyon ,Yon òganizasyon nan diaspora SODH mande pep ayisyen sòti an mas pou al montre Madan Lalime konte.
Komisyon pwotestan kont diktati an Ayiti (CPCDH) envite tout sitwayen ayisyen pou sòti an mas pou vinn patisipe nan yon mach pasifik ki pral dewoule dimanch 28 fevriye 2021. Objektif mouvman sa a se denonse konpòtman prezidan Jovenel Moïse, selon sa òganizatè yo di .Pastè Gerald Bataille deklare se pa yon mach sektè pwotestan men se pou tout moun ki moral, ki vle wè peyi travay dwe vinn manifeste.
Menas pa menas yon milyon dwe foule beton an
Gwo manifestasyon sa a ap fet nan konteks entimidasyon ak menas.Nwit madi 23 pou mèkredi 24 fevriye kay prive jounalis ak aktivis pòtpawòl Matris Liberasyon Antoinette Duclaire (Netty) resevwa anpil kout bal nan , dapre yon sous pwòch viktim lan.Ansyen senatè depatman Nippes Nenel Cassy, mann opozisyon an resevwa envitasyon pou parèt nan Biwo Afè Kriminèl yo ( BAC) .
Pep ayisyen pral monte madan Lalime konte.
Tout inite Lapolis mobilize pou dimanch 28 fevriye dapre yon nòt lapolis. Solidarite ayisyen nan diaspora ,Solidarite des Haitiens de la diaspora an franse fe konnen entimidasyon, menas pap anpeche yo pran beton an mas jou dimanch 28 fevriye an .Mann nan òpozisyon politik ak popile esper plis pase yon milyon moun ap pran lari pasikman pou al montre madan Lalime konte.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment