ki blan sa kite nan manifestasyon kont diktati ak neocolonialism jou dimanch 21 Fevriye 2021 an?

 Pòtoprens- Lendi 22 Fevriye 2021(tinouvel)

Danny Shaw Pwogresis ameriken


ki blan sa kite  nan manifestasyon  kont diktati ak neocolonialism jou dimanch 21 Fevriye 2021 an?

Pou moun ki pa konnen l ,li rele Danny Shaw, Ki moun li ye?

Danny Shaw se yon pitit san papa.Li te fèt nan  Brockton, Massachusetts nan Tazini.Manman l leve l pou kont li san li pat gen papa l bo kote l. Danny Shaw anseye Etid ak ras nan Amerik Latin ak Karayib, Etnisite, Gwoup ak Sèks nan Inivèsite New York( Jhon Jay college CUNY)Pwofesè nan depatman sosyoloji nan CUNY York College.

Li genyen yon metriz nan zafè entènasyonal ak Piblik nan Inivèsite Columbia.Li pale Panyòl, Kreyòl Ayisyen, Pòtigè, elatriye .Li bay plizye media kout men nan analyse aktyalite politik  entènasyonal.Li fè analis sa yo pou TeleSUR, RT ak lòt rezo nouvèl .Li se yon ansyen boxer pwa lou. Li se pwofesè box ak yoga epi lap ede anpil jèn pou yo pa nan rantre nan lame e pou pa ale nan prizon tou.



Yon konbatan anti enperyalis nèt ale.

Danny shaw di  lap goumen kont enperyalis la tout jounen  epi Chak jou ki jou ! yon slogan nou te remake sou youn nan twit li. Li se yon aktivis kominis, mann Pati Sosyalis ak Liberasyon (PLS) tandans Maksis Lenimis yon ti pati ki fonde an 2004  nan Vil San Francisco. Shaw pran gwo angajman politik nan lit pou vehikile lide  pou konstwi yon sosyete pi jis e sou sòti anba lobedyans ameriken. Li  visite plizye peyi kominis tankou kiba,Lachin ak Vyetnam.Shaw kòm entèmondyalis patisipe nan manifestasyon pro Palestin e li reklame tèt li anti enperyalis meriken menn jan ak Pati li Pati Sosyalis ak Liberasyon (PSL )kap supote Revolisyon Bolivaryen nan Venezuela.

Danny SHAW , yon ekriven Pwogresis.



Li se lotè senk liv pami yo 365 jou nan Rezistans(365 days of resistance),Sen yo nan Santo Domingo(The Saints of Santo Domingo):se yon liv sou anpil militan  Dominiken  tap fè Rezistans kont  neocolonialism ,se yon liv omaj ak revolisyonè dominiken yo . Li patisipe nan plizye refleksyon  sou kòman yon fanmi blan pòv tap batay ak lavi a nan yon lòt liv.

Solidarite nan lit ak oganizasyon de baz yo.

Danny Shaw sou Fònasyonal


Nan mitan mwa fevriye danny shaw rantre annayiti nan kad solidarite ak lit pep ayisyen kont ditakti ak plan neokolonyal.Li vizite plizye katye popile tankou fo nasyonal nan baz MOLEGHAF mouvman pou libète ak egalite pou tout Ayisyen.Li rankontre ak plis pase 40 jèn ayisyen ak lidè etidyan nan Inivèsite deta Ayiti a.

Dimanche 21 fevriye 2021 shaw foule beton pou montre  solidarite li ak pep ayisyen ki pa vle  tounen nan dtakti. Li konstate ak 2 je represyon ak vyolans lapolis politik oganize nan lari kapital peyidayiti. Lapolis ak gang ame  ki sou kontwol gouvènman  louvri kout zam ,sou manifestan yo  nan Chanmas devan Palè Nasyonal dapre konsta Shaw. Anpil machin lapolis san plak ,polisye san badj ap pete bal epi tire gaz lakrimojen  sou foul manifestan pasifik yo. Mas yo  wòch nan men Poing levé ak Drapo ayisyen yo sou do ofri yo  yon bon rezistans ak la polis politik toujou dapre Danny Shaw.Gras ak prezans li nan manifestasyon 21 feriye plis pase 31.7 k moun we ti videyo li poste sou plizye rezo sosyal .

Ayiti pa pou kont li nan batay  kont diktatè Jovenel Moise la.Nou bezwen plis solidarite konsa pou plis moun nan kominote entènasyonal konnen vre sans lit pèp ayisyen an.Nan pasaj li annayiti Shaw pa chwazi rankontre ak lidè tradisyonèl yo kap soutni ankachèt pwojè dominasyon ak plan neoliberal "vrè fo zanmi ayiti yo".

Patria o muerte! Venceremos, Libete ou lanmò!  nap genyen kanmenn!


Pierre Noel

tinouvel509@gmail.com



Comments

Post a Comment