Fresh la di lap la ,e ou menn?

 


Pòtoprens , Samdi , 27 fevriye 2021,  (tinouvel)


Fesh la, King raboday apiye mach pasifik 28 Fevriye 2021 an.

Chantè Donald Joseph, Aka Fresh La.


Nan yon video li poste sou diferan rezo sosyal rwa metafò a ,Chantè Donald Joseph, Aka Fresh La, King Rabòday ,anonse li envite tèt li nan mach pasifik 28 fevriye a .King Rabòday fè  konnen lap patisipe pou di non ak klima ensekirite ak kidnapin nan peyi dayiti.Li pral mache kont fè  nwa  nan gwo lajounen saa.

Nap raple Komisyon pwotestan kont diktati an Ayiti (CPCDH) envite tout sitwayen ayisyen pou sòti an mas pou vinn patisipe nan yon mach pasifik ki pral dewoule dimanch 28 fevriye 2021. Objektif mouvman sa a se denonse konpòtman otoritè  prezidan defakto Jovenel Moïse.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments