Evasyon nan prizon sivil la nan Croix-des-Bouquets, bilan 3 moun mouri ak plizyè blese. Yonyon baz 400 marozo ak Arnel Joseph ta sanble sove.

 Pòtoprens , Jedi , 25 fevriye 2021,  (tinouvel)

Denye Nouvel,Nouvel Cho.

 Prizon sivil la nan Croix-des-Bouquets,

Evasyon nan prizon sivil la nan Croix-des-Bouquets, bilan 3 moun ak plizyè  blese.

Yonyon baz 400 marozo ak Arnel Joseph  ta sanble sove.

De moun pou piti ta mouri ak plizyè prizonye yo te kapab chape poul  nan prizon sivil la nan Croix-des-Bouquets, nan jounen  Jedi 25 fevriye 2021,  .Se ta  ajan APENA  yo ki ta louvri kout zam sou prizyone ki tap tante sove anndan prizon.Nou poko an mezu pou di ki kantite prizyone ki sove e ki idantite detenu sa yo.Pou kounye a anpil  ajan PNH deplwaye nan kominn Croix-des-Bouquets.La polis lanse yon gwo opersyon ratibwazaj pou rekipere sèten prizyone.Daprè  Jounalis Repòtè  radio kiskeya Amos Brevil la polis ta deja rekupre 11 prizyone. 

Dapre Repòtè e Radio kiskeya ki te sou plas sanble se yon ekip moun deyò ki ta sanble atake nan prizon sivil la nan Croix-des-Bouquets.Yonyon baz 400 marozo ak Arnel Joseph  ta sanble sove  nan monan evasyon saa. 

Ronal Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments