Pòtoprens- Dimanch 21 Fevriye 2021(tinouvel)
Afwontman ant la polis ak kèk manifestan sou otowout Delma Blok kafou 32.
![]() |
Dimanch 21 fevriye mach kont ditakti nan Potoprens. |
Nan kad mach Kont Diktakti ak pou Respè Konstitisyon jounen dimanch 21 Fevriye lapolis nasyonal tire anpil gaz lakrimojèn pou gaye foul ki tap manifeste pasifikman .An repons ak gaz lakrimojèn lapolis yo militan nan Delmas 32 reponn lapolis ak yon lapli galèt.Nan chak kafou tankou Delmas 31,32 ,33, sou wout Delmas militan boule kawoutcho pou pwoteste kont vyolans lapolis .
Sitiyasyon konplike sou lalI ak sou chanmas.
Malgre atitid gwo ponyèt lapolis nan lari Pòtoprens moun yo kontinye manifeste ak anpil kouraj ak detèminasyon pou denonse Jovenel Moise ki sout enstore yon diktati annayiti.Mouvman mete kawotchou a gaye nan plizyè ri nan kapital la. Anpil kouri , bisuit leta,gaz lakrimojèn ak kawotchou se imaj sa a lari Pòtoprens ofri pou jounen dimanch 21 Fevriye 2021.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment