Dènye Nouvel,Nouvel Cho.
![]() |
kek prizyone lapolis reprann . |
25 moun mouri, plizyè lezòt blese ak 200 prizyone ta sove,Bilan pasyèl Evasyon nan prizon sivil la nan Croix-des-Bouquets.
Denyè bilan evasyon nan Prizon sivil la nan Croix-des-Bouquets, dapre potvwa gouvè nman defakto Frantz Exantus se 25 moun mouri pami yo 6 prizyone. Frantz Exantus fè konnen majorite moun ki mouri yo se prizyone ki tap sove ki touye senp sitwayen sa yo nan lari Croix-des-Bouquet Misye Exantus konfime responsab prizon sivil nan Croix-des-Bouquet mouri ak yon bal nan tèt Paul Joseph Hector pandan atak la .
Anvan atak la nan prizon an te genyen 1542 prizyone . Yon apre jou apre evènman apre ajan APENA vinn konte 1125 reponn prezan lapolis reprann 60 , 200 gaye "dan la nati".Sekretè deta defakto Frantz Exantus anonse 3 komisyon kreye pou al mennen ankèt.Kom dabitid lankèt pral "se pousuit".
Ronal Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment