Silans,yap touye sou Bèlè!

 Pòtoprens, 1 Avril 2021 (tinouvel.com)

Silans,yap touye sou  Bèlè!

imaj achiv


Yon fwa ankò  tradisyon pap respekte nan Bèlè pou vandredi sen 2021 an, Raram no limit pa kap dedouble pou al kreye animasyon ak  anbyans nan lari kapital peyi dayiti .La jwa pral fè plas ak laperès kay beleryen. Pap gen konkou rara devan manman peptyèl nan apre midi.Tou sa fini, se lepase .Gang ame pran  pèp Bèlè a an otaj, rezo sosyal  yo inonde ak videyo ak foto terib .Nan visaj timoun yo ,granmoun yo se detrès ,fanm yo ap kouri pou evite kadejak ak agresyon seksyel, manman pitit se mare vant ,yo pè pou lavi piti yo ki se sib prensipal gang ame pwòch pouvwa a  .

Nan dat 1 avril gwo kout bal pete nan katye Bèlè ou pata di se lagè nan kozovo, ou byen lagè iran-irak , baz krache dife ki gen nan tèt li sonson ki soti bò madan Kolo alye G9  entouchab, atake platon Bèlè .Bilan katastrofik  omwen yon dizèn moun ta pèdi lavi yo pandan atak sa a. Gwoup gang krache dife touye ,pote ale kèk kadav ,mete dife nan plizyè  kay tout sa pase tou pre baz lapolis BOID ki sou Fò  Nasyonal. Gang ame  sa yo sanble gen otorizasyon pou touye legalman. Gouvènman defakto Jovenel Moise la pa reyaji , li rete avèg ,li soud ,li pa wè li pa tande rèl moun bèlè yo.

Enstitisyon entènasyonal yo ak swadizan peyi zanmi Ayiti yo,  yo tou okouran de sitiyasyon sa a ,yo prefere kouvri eskandal la ,misyon yo se eleksyon nan nenpòt kondisyon, ki te mele yo pap gen moun ankò  pou vote.Opinyon piblik mondyal boulvèse men pa mobilize paske se pa grangou kap ravaje pèp bondye a men se pito gang ame pwòch gouvènman Moise la kap teworize pesib sitwayen nan Bèlè .

Yap touye nan Bèlè yo pa wè si se yon estrateji ki premedite .Yap boule Bèlè yo pa konprann si se yon bagay ki planifye pou fòse moun  yo abandone kay yo epi pou yo kapab rive pran kontwòl zòn lan .Yo òganize asasina jèn yo pou yo kase rezistans mas pou fè fas ak diktati bout di yo vle enstale nan peyi a.Pa yon jij de pè pou fè konsta. Pompye pat reponn prezan pou touye  dife yo.Lapolis pat sou plas pou te komanse ankèt la. Ni egzekitif defakto a ni ti bout palman pa voye je gade viktim yo.Kidonk , silans ,yap touye !

Tinouvel.




Comments