Konferans relijye ayisyen an (CHR) an kòlè akos kidnapin 7 relijye pami yo 2 franse ak 3 manm fanmi Pè Jean Anel Joseph.

 Pòtoprens , lendi 12 Avril la 2021 (tinouvel.com)


Konferans relijye ayisyen an (CHR) an kòlè akos kidnapin  7 relijye pami yo 2 franse ak 3 manm fanmi Pè Jean Anel Joseph.

Mgr Pierre-André Dumas


Gwoup gang 400 mawozo kidnape Dimanch 11 avril nan Croix-des-Bouquets 10 moun pami yo sèt relijye Katolik, ki gen ladan de franse,ak 3 manm fanmi Pè Jean Anel Joseph.Kidnapè yo mande yon gwo ranson ki estime  yon milyon dola pou lage 10 moun sa yo.Gwoup la  te gen ladan yon relijye franse  Sr Agnès Bordeau ak yon prèt franse

    Pè  Michel Briand. Senk prèt ayisyen ak yon relijye ayisyen,pami 5 prèt 4 sòti nan sosyete prèt sen jak (PSJ)Pè Evens Joseph , Pè  Michel Briand ,Pè   Jn Nicaise Millien ,Pè   Joël Thomas ak Pè Hugues  Baptiste ki soti nan achidyozes okap Sr Anne Marie Dorcelus nan PSJ se tant Pè  Jean  Anel Joseph kite akompagne ak 3 lòt manm fanmi prèt  Oxanne Dorcelus manman li Lovelly Joseph yon Tisè ak paren li Welder Joly.

    Anfas ak gwo zak kidnapin saa legliz katolik atravè Konferans relijye ayisyen an (CHR) eksprime gwo lapenn yo, fè konnen kòlè anfas sitiyasyon kawotik la kote pa gen yon jou ki pase san yo pa kriye ak manje dan yo  e pirèd sa yo rele lidè yo nan peyi sa a, pa itil anyen pandan y ap rete kole sou pouvwa, yo de pli zan pli san fòs. "

    "Sa a se twòp. Lè a rive pou zak sa yo inimen sispann, se konsa Mgr Pierre-André Dumas, evèk nan Miragoâne te reyaji Dimanch . Li anonse Legliz la ap priye e kanpe an solidarite ak tout viktim zak sa yo"

 Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com








Comments