New York, Dimanch 4 avril (tinouvel)
Apre Legliz Satan, Lil Nas X lanse yon pè tenis, "soulye Satan yo"
![]() |
Lil Nas X ak pè tenis, "soulye Satan yo" |
Si nou potko konnen nan sosyete swadizan evolye yo, sa yo rele gwo peyi devlope yo tankou etazini, kanada ak lafrans gen yon òganizasyon relijye ki rele tèt li Legliz Satan. Anton Lavey te fonde Legliz Satan nan San Francisco 30 Avril 1966 .
Houraral Stanton Lavey fondatè Legliz Satan se te yon mizisyen, yon desandan jwif ki soti nan yon fanmi rich ameriken. Apre tazini ou jwenn legliz satan okanada satanist yo se manm tanp satanik nan kanada di yo pa adoratè dyab la epi yo pa kwè satan se fòs ki mal jan tèks relijye nan Bib la fè kwè. Olye de sa, yo wè Satan oswa Lisifè kòm yon entelektyèl éspirituèl ki opoze ak estatus quo.An oktob 2021 premye "Legliz Satan an" pral louvri pòt li nan Pari frans yo espere jwenn 6,000 fidèl .
Eskandal pete ant NIKE ak Lil Nas X nan yon zafè pè tenis Dyab la.
Lil Nas X ,yon rapè an kolaborasyon ak kolektif atizan nan MSCHF ki baze nan New York, lanse yon edisyon trè limite yon pè tenis, "soulye Satan yo", li vle vann sèlman 666 kopi. Pè tenis vann kou pate cho,chak grenn pè tenis koute 1000 dola nan espas yon minit tout tenis satan yo fini.
Lil Nas X fè anpil pwovokasyon nan zafè pè tenis Satan an : li sanble ak modèl Nike Air Max 97s yo, li gen tout senbòl satanik yo : pentagram (zetwal 5 pwent) an kwiv la, kwa tèt anba, ak vèsè Bib ki evoke lè Satan te tonbe sou latè ,pirèd nan talon pye soulye a gen lank wouj ki melanje ak kèk gout san moun.Nike vekse li pote plent kont MSCHF pou kontrefason"
Gran mèt Legliz satan David Harris bat bravo pou pè tenis, "soulye Satan yo"Yon bon ou byen yon move piblisite pou Lil Nas X ,kolektif atizan nan MSCHF ki desine pè tenis la.Pou anpil kretyen se yon move plezantri ,yon blasfèm.
Comments
Post a Comment