Pòtoprens, lendi 15 Mas fevriye (tinouvel.com)
Yon echanj lawont : cha blende wi ,kadav polisye yo non.
Lapolis rekipere blende ki te rete nan katye Vilaj de Dye a nan kad yon operasyon espesyal ki dewoule aprèmidi madi 16 mas la.Se enfòmasyon ofisyèl PNH mete sou paj li.Rekiperasyon sa a fèt san bri san kont.Daprè Radyo Mega Lapolis ta peye $25,000 pou rekipere cha blende nan men bandi ame nan vilaj de Dye ,gwoup gang Izo ak Manno ap dirije.
Lapolis rekipere blende, men nan operasyon espesyal saa la polis pa sonje pran kadav 5 polisye ki te mouri nan operasyon vandredi 12 mas 2021 nan Vilaj de Dye.Eske yon cha blende a pi enpòtan pase kadav 5 polisye ki sakrifye lavi yo nan Vilaj de Dye.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment