Ti Nouvel nan Tazini.

 Etazini,Jedi 11 mas ,tinouvel.com

tinouvel tazini



Bon nouvel

Chanm bay aprobasyon final pou plan soulajman koronavirus $ 1.9 bilyon ,Biden ap siyen li vandredi.

 Anba gwo divizyon Kongrè ameriken vote plan soulajman koronavirus $ 1.9 bilyon nan Mèkredi 10 mas la. Lwa ki bay prezidan Joe Biden  premye gwo viktwa lejislatif li ak pwomès li te fèt pou ede plizyè milyon  Ameriken sòti nan povrete.

Nan yon vòt  220 a 211, Chanm depute an te bay apwobasyon final sou youn nan pi gwo plan sekou ijans nan istwa  pep Ameriken , malgre gwo kritik repibliken yo ki te montre dezakò yo ak anpil  vyolans.

 Biden pral siyen lwa a nan Vandredi,  yon fason pou anpeche plizyè milyon  Ameriken pèdi benefis  chomaj  ki tap ekspire 14 mas la.

Move Nouvel

Lapolis nan Queens, New York te jwenn nan kòf Kò  Destini Smotherste 26 lane ki te disparet depi mwa novann.

Yo te jwenn yon fanm mouri nan kòf yon Toyota Camry ki pa gen plak nan Queens byen bonè  Mèkredi, e envestigatè yo kwè ke li se yon manman 26 lane ki gen 2 pitit  kite lakay li depi mwa novanm apre fèt anivèsè nesan li .

kamyon remoke sanitasyon te vin chèche 4 machin san plak ki te pake two lontan nan 134th street epi vwazen te di ke machin toyota n te pake la nan mwa novanm pa sanble abandone twò lontan ki pemet ajan sanitasyon fe yon denye tyeke epi yo tou jwenn kadav la ak tout kat idantite l sou li.

Nouvel Cho

Yon 6e fanm  deklare gouvènè New York la te manyen li yon fason dwol nan fen 2020.

Selon enfòmasyon Times Union of Albany, yon jounal nan kapital eta New York, se anndan rezidans ofisyèl gouvènè an te manyen li yon fason dwòl .Anplwaye ki pa bay idantifye e ki poko pote plent di  Andrew Cuomo te touche yon ti pati nan kò l.  Anplwaye akize li fè  arasman sou li .Mesye Cuomo te gen yon  konpòtman  inapwopriye .

Gouvene cuomo di li pa  okouran de nouvo akizasyon sa a, li repete ke li ta tann rezilta yo nan yon ankèt endepandan sou tout  akizasyon yo fè  kont li.Gouvènè Demokrat la ki gen 63-zan deklare" li retire nan tèt  lide pou li demisyone".

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments