Sant kominite Pierre Toussaint kore fanm konbatan nan New York city.

 Quens -New York, 10 mas 2021-  (tinouvel.com)

kilti-Sosyete

Guirtelle Auguste  


Sant kominite Pierre Toussaint kore fanm konbatan nan New York city.

    8 Mas 2021 randevou te kase nan Queens nan Sant kominite Pierre Toussaint , an anglè "Pierre Toussaint community Center (PTCC) " pou rann yon omaj ak fanm ayisyèn.San blè  flè pou kajole yo ak lonè e nan respè sant lan te mete fanm  potomitan nan aktivite saa , yo te  egal ak kantite gason kite prezan ,pou kalite fanm ki te prezan yo se pa nenpot ki fanm , se fanm dyamn kap batay ak lavi , se fanm kifè fas ak doulè tout kalte ,se te fanm konbatan.Kosri sou konba chak jou fanm ap mennen ak  ekspozisyon penti sou tem potrè fanm nan konba lavi a,doulè ak jwa se 2 prensipal aktivite ki te oganize nan lokal sant lan.

    GaryBaldy Jean  

    GaryBaldy Jean  ak Guirtelle Auguste  se te  2 atis pent ki te gen tablo nan ekspozisyon virtyèl  la. yon vintèn (20) tablo te ekspoze .Guirtelle Auguste yon pent , yon fanm te ekspoze 5 tablo sou tèm lanmou ak doulè fanm nan bay nesans .GaryBaldy Jean yon gason kap kore fanm  te non selman gen potrè bèl tèt fanm ,li te gen tablo abstrè ak sireyalis sou menn tèm lan fanm nan konba lavi. Espozisyon sa a te jwenn yon bèl akèy nan piblik ki pat anpil se vre akoz kowona viris petèt men kalite te la nan aktivite 8 mas nan sant kominite Pierre Toussaint .


    Kosri sou fanm se yon fanm ki te anime li Manzè Adelita Polynice ekrivèn,mann akademi kreyol ayisyen te pran lapawol nan non fanm pou fanm.Yon ti bat bouch ant fanm ak gason pou komemore jounen entansyonal dwa fanm san atitid sexist ak patènalis.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments