Sanba Matisou Legba Mytho Exavier janbe Alada 7 mas 2021 nan lakou mayami.

 

Miami, 7mas 2021 (tinouvel.com)

Move Nouvel-lanmò 



Sanba Matisou Legba Mytho Exavier janbe Alada 7 mas 2021 nan lakou mayami.

Sanba Matisou Legba  gwo tanbourinè mouri jodi dimanch 7 mas la nan mayami apre yon long maladi lite sipote ak anpil kouraj.Matisou legba se mann fondatèe Boukan Ginen . Li te jwe tambou. Matisou Legba te fè yon gwo travay nan mizik Rasin nan an Ayiti, li patisipe nan kreyasyon plizye gwoup mizikal  Rasin tankou gwoup SA, Li te jwe nan Samba yo ,Boukman Eksperyans.Matissou Legba te pwofesè ak tanbourinè nan anpil gran Lakou an Ayiti ak  Miami elatriye .

Yon latriye omaj pou Sanba Matisou Legba Mytho Exavier 

Anpil misizyen ayisyen kou etranje salye depa gwo misizyen saa :"Myrtho Exavier (Matisou) Frè m...kou a fè mwen mal anpil Frè m "sa nou t ka li sou paj Jimmy Jean Felix .

Matisou Legba Mytho Exavier


"Haitian Music pèdi yon tanbourinè ,yon rockstar ak vrè vanyan sòlda kiltirèl jodi a, Woukoukou Sanba Matisou Legba Mytho Exavier ".Markus Schwartz Mizisyen lakoubrooklyn.

Se yon gwo pèkisyonis ki ale!Bon travèse Matisou! Hugo Vlacin.

Tinouvel koupe l byen ba devan lanmò gwo mizisyen sa a .Nap voye fòs ak kouraj pou fanmi li,zanmi li yo  nan monan tris sa a.Respè pou ou Sanba.


Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments