Primati kont Palè nasyonal :Lapolis viktim divisyon nan 2 branch Pouvwa defakto Jouthe-Moise.

 Pòtoprens, Lendi 15 Mas fevriye (tinouvel.com)

Primati  kont Palè nasyonal :Lapolis viktim divisyon nan 2 branch Pouvwa defakto Jouthe-Moise.



Enspektè Jean Elder Lundi anonse echek operasyon nan vilaj de dye se rezilta batay ant 2 branch nan egzekitf la pou konnen ki yès  ki ta pral benefisye siksè operasyon an. kan primati Jouthe /Leon charles anfas ak kan Palè nasyonal Jovenel /Dimitri Herard mete polisye nan mitan pou mennen  yo nan labatwa enspektè pran egzanp pou justifye divisyon sa a lavèy operasyon palè nasyonal pran tout minisyon ki anndan depo zam nan akademi lapolis la.E ta sanble bandi vilaj de dye te okouran operasyon an paske bandi kite 2 cha yo penetre nan vilaj jiska yo rive bò lanmè a e lè patrouy polisye ap tounen bandi  mete pyèj  e  polsye tonbe nan anbuskad, bilan jounen ansanglete sa a pou direktè jeneral lapolis la 4 polisye ta pèdi lavi yo 8 lot blese ,bilan non ofisyèl 5 lanmò nan kan lapolis 8 blese,( 5) nan uit (8) ofisye polis blese yo te kite lopital la youn nan yo refize rantre lakay li akòz menas lap resevwa nan men bandi izo 5 segonn ap dirije.

Ak kadav ou san kadav anteman pou (4 )katrè

Okenn otorite  pa ka anpeche nasyon chante fineray polisye ki sakrifye lavi yo nan chan batay la se deklarasyon enspektè Jean Elder Lundi fe nan mikroibo  jounen lendi 15 mas la.Li fè plizyè gwo revelasyon tankou 500 polisye te moblize pou al rekipere kadav yo men lòd la pat jann sòti malgre polisye te tann jiska byen ta nan jounen vandredi a.Chantaj bandi yo ap fè pou montre yo deja antere polisye yo se enstans konsène yo ki planifye ak bandi yo pou voye sèkèy epi fè yon demagoji fineray pou anpeche plizyè milyon moun pa rann yon dènye omaj ak polisye yo.Koòdonate jeneral SPNH-17 anonse avèk ou san kadav 5 polisye yo , antèman yo ap chante kanmenn.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com



Comments