Pòtoprens, 11 mas 2021- (tinouvel.com)
Ogmantasyon radikal pri pèmi rezidans an Ayiti.
Apati 15 mas 2021 pri pèmi rezidans (pèmi sejou) pral ogmante pou tout etranje kap viv nan peyi dayiti, daprè yon not ministè enteryè mete deyo anba plim Direksyon imigrasyon ak emigrasyon.
Amelie Baron tweete pou denonse ogmatasyon tèt chaje sa a: "pri pèmi rezidans (pèmi sejou) pou premye demann lan miltipliye pa 5 ,anvan 5,000 HTG, jodi a li pase a 25,000 HTG oswa $ 325 ameriken.Rrenouvèlman anyèl la li miltipliye pa 6 .Pou kounye a etranje yo ap peye 15,000HTG $ 195 dola meriken se 2,500HTG li te anvan.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment