Pòtoprens, 1 mas 2021- (tinouvel)
28 fevriye 2021 jounen istorik mega manifestasyon kont diktati, ensekirite toupatou, kidnapin leta, enpinite ak entèferans entènasyonal nan biznis.
Plis pase milyon ayisyen brave danje jou dimanch 28 fevriye nan lari Pòtoprens ak divès lot vil provens pou pwoteste kont kidnapin ak ditakti nan peyi a.
Dapre oganizatè yo tout kouch sosyal te nan lari kapital ,nwa , grimo,milat,blan,pwotestan, katolik, vodouyizan, musulman.
Ate,atis,jounalis,powèt,travayè,ouvriye,machann,atizan,pwofesyonèl lasant, patwon,enjenyè , agronom, avoka, granmoun ,ti moun,andikape,avèg, fanm,gason ,masimadi,chomè ,anplwaye leta,anplwaye meri yo,etidyan ,elèv,lavalas ,sektè demokratik ak popilè ,kominis, pwogresis, nèg adwat, negès agòch anfen kont tout sitwayen ayisyen sof patizan PHTK G9 e alye manyen youn , manyen tout ki pat la.Mega Mach se yon veritab sikse pou òganizate yo.Malgre ti derapaj sou chanmas yo manifestasyon te globalman pasifik .
Sektè Pwotestan an pou kounye ap rete mobilize dapre Gérard Forge li se youn nan prensipal òganizatè mach istorik saa.Li fè konnen yap travay pou anpeche tout anvi diktatoryal Jovenel Moïse ki deside rete kole sou pouvwa a malgre manda li fini 7 fevriye 2021.Pastè Gérard Forges felisite konpòtman ofisye polis yo ki te asire sekirite mach la, fwa sa a san okenn britalite.
ki pwochen etap la? Mach pasifik ou Dechoukay.
Mach istorik e pasifik 28 fevriye 2021 mete yon baton nan pye oligak 2% ak òganizasyon entènasyonal tankou BNUH,OEA, ak puisans entènasyonal kap sipòte Prezidan defakto Jovenel Moise ki kontinye ap mennen bak peyi a nan tout ilegalite.Rete pou fòs pwogresis , demokratik yo ak tout sosyete sivil kontinye mobilize pou konteste pouvwa ditaktoryal sa a.Eske se Mach pasifik ou Dechoukay?Repons lan nan men sipote Jovenel Moise.
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment