Pòtoprens, 13 mas 2021- (tinouvel.com)
![]() |
ofisye PNH Desilus Wislet. |
Stanley Eugène ,Ariel Poulard , Georges Renoit, Alexis Georges Vivender,Desilus Wislet se non 5 polisye ki mouri anba bal gang ame nan Vilaj de Dye nan yon operasyon lapolis te mennen vandredi 12 mas pou deloje gwoup ame 5 segonn izo ap dirije.
![]() |
Ofisye Alexis Georges Vivender |
Bandi ame yo imilye epi profane kadav 5 polisye sa yo.Gang ame nan Vilaj de dye san fwa ni lwa , koupe rache kadav yo nan tout enpinite .Zak babar sa pa ta dwe anpeche paran ,zanmi, kolèg travay polisye parèy yo rann yo yon dènye omaj . 5 polisye te vle sèvi ak pwoteje, yo pa dwe mouri tankou chyen.Sou rezo sosyal yo,nan lari a ,sosyete sivil la estamoke pou konstate ak ki mepri epi ak anpil awogans bandi yo ap banalize zak makab yo komèt sou polisye yo.
![]() |
swat team |
Endignasyon an te sou tout visaj sitwayen yo ki rann gouvènman defakto responsab masak ki fèt sou ajan PNH yo.Kòlè a nan tèt chak polisye ki konprann sakrifis ofisye polis yo men ki pa anvi padone lotè yo ak tout konplis yo kit sa ki mete zam nan men bandi yo,kit sa ki vle pwoteje ou byen ki ta vle kache yo.
![]() |
swat team |
5 polisye mouri sou chan batay san sipò wo kòmandman lapolis .Bandi yo ta pete bal tou patou polisye pat ka jwenn ranfò ni sipò anlè ,atè ak nan lanmè .Yo te 12 ki te lage tankou pitimi san gadò.
![]() |
swat team |
Otorite defakto yo pa mennen okenn operasyon pou rekipere kadav ou byen blese yo . bilan sale pou lapolis men polisye konstate se pèp ayisyen ki se zanmi yo epi ki solidè ak yo nan malè yo.Leve tèt nou Polisye pou konnen ki yes ki vre lenmi nou nan batay kont gang e pou demokrasi. Ale an pè Stanley Eugène ,Ariel Poulard , Georges Renoit, Alexis Georges Vivender,Desilus Wislet .
Ronald Leon
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment