A pati 5 avril ,tout machin kap antre an Ayiti, pa dwe gen anyen andedan yo

 Pòtoprens , Vandredi 26 mas 2021 (tinouvel.com)

A pati 5  avril ,tout machin kap antre an Ayiti, pa dwe gen anyen andedan yo. 




Gouvèneman defakto deside inilateralman pou tout machin, kamyon  kap rantre nan peyi a dwe vid, pa dwe gen anyen andedan l. Se yon desizyon yo di yo pran pou goumen kont zam  ak minisyon kap antre ilegalnan sou teritwa nasyonal la" atravè pò yo.

Nan  memorandòm ministè finans  jedi 25 mas  pou direktè pò, ayewopò yo, li deside pou se nan sèl pò okap ak Pòtoprens kontenè efè pesonèl yo ap dedwane,tout kontenè dwe verifye ak enspekte,machin kamyon ak lòt bay dwe rantre vid  e dènye mezi a tout verifikasyon efè pesonèl dwe fèt an prezans yon enspektè,yon ajan siveyans ak yon komisyonè ladwan sepandan, mezi sa yo pa afekte dirèkteman Pò prive yo ki kontinye ap fè e defè nan sektè  sa a nan tout enpinite.Se yon mezi sitou ki gen gwo konsekans sou dyaspora ki konn utilize machin,kamyon pou transpòte kèk pwodi premye nesesite ak medikaman pou fanmi yo annayiti, li pral gen gwo konsekans sitou sou travayè komèsan ak lòt moun ki viv nan komès enfòmèl atravè nan diferan pò nan peyi a tankou Sen Mak,Miragoane elatriye.

Gouvènman defakto Jovenel Moise kontinye ap sipòte oligak ekonomik ak politik ki kontinye ap fè lajan nan kontrebann nan diferan pò, ayewopò yo ,pandansetan pèp la kontinye ap viktim. 

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com


Comments