Melbourne Australie-Samdi 20 Fevriye 2021(tinouvel)
Tinouvel spot
Open Ostrali: Naomi Osaka bimen Jennifer Brady epi genyen katriyèm gran tit chelem .
Nan 1è tan17 minit Ayisyano -Japonèz Naomi Osaka bat Ameriken Jennifer Brady nan final OpenOstrali jou Samdi 20 Fevriye a .Naomi Osaka ranpote byen vit match la ak 2 sèt a zero (6-4, 6-3 ) sa vinn fè se 2è Open Ostrali Nao genyen nan final medam yo nan Melbourne.
Bravo Nao ,sa fè 4 gran chelem men 7 koup.
Nouvo twofe sa a se 4èm tit Grand chelem Naomi Osaka genyen nan mwens pase twa lane.
Premye tit li te pran li te gen sèlman 20 lane , Naomi Osaka te bat Serena Williams nan final la, (6-2, 6-4), jou 9 septanm, 2018.Nan Open Ostrali 2019 la, Naomi Osaka repete menn ti bagay la US Open li bat Petra Kvitova (7-6 , 5-7, 6-4).Dezyèm tit Grand chelem sa a tou pèmèt li vin nimewo 1 mondyal li tounen pi piti jwè N.1 li te gen sèlman 21 .Apre 2 se 3! Nan de zan, Naomi Osaka te genyen twazyèm tounwa Grand slam li nan mwa septanm 2020. OpenOstraly 2021, li tounen pired sou fòtèy boure a.
Viktwa sa a Naomi Osaka ak 23 zan 4 mwa pral vin nimewo 2 WTA( tennis fanm yo).
Sous AFP ,FranceTV
tinouvel509@gmail.com
Comments
Post a Comment