Ajan Polis Nasyonal Dayiti (PNH) gaye yon mès ak gaz lakrimojèn nan Legliz St-Pierre nan Petyon-Vil kote Evèk yo ak fidèl Katolik yo tap priye pou viktim yo.

 Pòtoprens, 16 Avril 2021 (tinouvel.com)

Ayiti-Panik anndan yon legliz katolik.



Ajan Polis Nasyonal Dayiti (PNH) gaye yon mès ak gaz lakrimojèn nan Legliz St-Pierre nan Petyon-Vil kote Evèk yo ak fidèl Katolik yo tap priye pou viktim yo.

Pandan Evèk  ak fidèl Katolik  yo t ap priye nan legliz nan Petyon Vil jedi 15 avril 2021 , polisye  ayisyen ki te kanpe toupre legliz la pete bal an lè  ,  tire gaz lakrimojèn pou yo gaye mès la. Kèk nan polisye politik yo te menm eseye antre nan lakou legliz Katolik  nan St-Pierre , epi yo mande moun yo evakye lokal la, dapre konsta temwen kite tou sou plas .Yo tap rele nou bouke.



Andedan Legliz, evèk yo te kanpe mès pou viktim  zak kidnapin an patikilye, 7 relijye Katolik ki gen ladan l 2 franse  gang "400 mawozo te kidnape Dimanch pase a . Kretyen yo tap eseye sove pou evite pran nan gaz. Fidèl endispoze  ,ti moun kou granmoun tonbe.Anfan kè yo tap kouri nan tout direksyon. 

Nan monan sa a yon prèt te mande kretyen yo rantre lakay yo nan lapè paske lapolis politik pare pou  tire sou yo,bib, chaplèt ak krisifi nan men, fidèl  Katolik yo pa t sispann  kache kòlè yo. Anfas ak reyaksyon gwo ponyèt  polis politik la kretyen yo  kontinye mande kidnapè yo ki te mande yon  ranson yon  milyon dola pou  libere san kondisyon fanm ak gason nan legliz la.

Ronald Leon

tinouvel509@gmail.com

Comments